Mank konpasyon nan imigrasyon Ozetazini
- vena vive
- 5 days ago
- 2 min read

Depi lontan, imigrasyon te reprezente idantite Etazini! Yo souvan dekri nasyon sa kòm yon peyi opòtinite, ki bati pa plizyè jenerasyon imigran ki te vin chèche sekirite, libète, ak yon chans pou yo bati yon pi bon lavi. Men, nan dènye ane yo, sistèm imigrasyon Ozetazini an pa reflete konpasyon ak jistis, men olye biwokrasi, ostilite, ak neglijans diyite moun.
Youn nan aspè ki pi twoublan se fason yo trete gwoup vilnerab yo—tankou moun k ap chèche azil, refijye ak timoun. Anpil moun rantre isi paske yap kouri kite lagè, pèsekisyon oswa povrete ekstrèm nan peyi yo. Men olye yo jwenn refij, yo rankontre sant detansyon, separasyon fanmi ak gwo reta nan dosye yo ki kite yo nan limbo. Souvan, yo bay règ dwa ki gen tandans rasis plus priyorite pase limanite. Se tankou moun ki nan sitiyasyon dezespere yo plus yon pwoblèm pou jere olye ke èt imen pou pwoteje. Konpleksite sistèm nan ajoute yon lòt nivo difikilte. Pou aplike pou azil, pèmi travay, oswa rezidans, ou pa sèlman bezwen lajan, men tou konesans legal ak aksè a resous—bagay anpil imigran pa genyen. Reta yo dire plizyè mwa oswa plizyè ane, sa ki fè moun pa kapab travay, reyini ak fanmi, oswa avanse nan lavi yo. Pou moun ki rate dat limit oswa ki fè ti erè nan papye yo, pinisyon an souvan sevè epi irevokab, sa montre yo pa konprann difikilte y ap sibi a. Mank konpasyon anve imigran parèt tou nan diskou ki antoure imigrasyon. Twò souvan yo prezante imigran yo kòm menas olye yo reprezante yo kòm kontribitè, malgre lefèt ke yo kontribue nan ekonomi peyi a, anrichi kominote yo, epi yo reprezante rezistans. Langaj ostil yo ankouraje laperèz ak divizyon olye de konpasyon ak solidarite. Konpasyon nan imigrasyon pa vle di louvri fwontyè bay tout moun rantre le yo vle, oswa inyore lalwa peyi a; Li selman vle di ke nou rekonèt ke dèyè chak nimewo Alien yo gen yon istwa imen. Sa vle di kreye règleman ki balanse sekirite ak mizèrikòd, efikasite ak jistis, responsablite ak imanite. Sa vle di sonje ke fason yo mezire yon sosyete se fason sosyete a trete moun ki nan bezwen. Jiskaske nou mete konpasyon nan sant politik imigrasyon, Etazini ap kontinye pa janm rive atenn valè li antanke yon nasyon imigran. Vrè refòm nan dwe kòmanse avèk konpasyon e ak rekonesans ke diyite ak jistis se pa yon privilèj men se yon dwa ke chak moun merite.
Byen di