top of page
  • Black Instagram Icon
  • Black Twitter Icon

Ki Kalite Lanmou Ki Dako Mouri Sou Lakwa?



Gen yon kalite lanmou mond lan konprann—lanmou ki bay lè yo resevwa, lanmou ki rete lè yo apresye l, lanmou ki fleri lè yap rouze'l. Men, lanmou ki revele nan krisifiksyon Jezi a pa kalite sa a. Se yon bagay ki pi pwofon, ki pi boulvèsan, e ki pi diven. Se yon lanmou ki bay lè yo rejte l. Se yon lanmou ki rete lè yo abandone l. Se yon lanmou ki sakrifye menm lè yo rayi l.


Lè yo te trennen Jezi sou kwa a, li pa t antoure pa admiratè men se moun ki t ap pase l nan betiz ki te antoure li. Se pa disip fidèl, men yon bann moun ki te nye'l, ki te trayi'l, ki te kouri. Moun menm ke li te vin sove, te vire do ba li. Gen moun ki t ap rele, mande pou lanmò li. Gen lòt ki te rete an silans. Menm nan dènye moman li yo, yo te mal konprann li, yo te pase l nan rizib, epi yo te kite l pou kont li.

Ak tout sa—Li te rete la.


Se sa ki fè krisifiksyon an tèlman puisan. Yo pa t fòse l. Li te chwazi l. A nenpòt ki lè, Li te ka vire do'l, di nou bann engra, li pa'p sakrifye tet li anko. Men lanmou te kenbe l la—se pa't klou yo, se pa't lapèrez pou solda, se pa't defèt paske li pa't we wout pou li pase —se te jus lanmou.


Ki kalite lanmou sa a ye?


Se yon lanmou san kondisyon....jan de lanmou ki pa gade sou sa ou vo. Li pa mande, “Èske ou merite sa?” Okontrè, li reponn, “M ap bay kanmenm.” Se yon lanmou sakrifis—kalite lanmou ki bay tout bagay san l pa mande anyen an retou. Li vide tout sa li gen nan li, jus nan pwen lanmò. Se yon lanmou ki padone—ki sipliye pou nou pandan li gran soufrans; “Papa, padone yo.” Nan yon moman kote kòlè te jistifye, mizèrikòd te pran plas li.

Se yon lanmou san limit—kalite ki pa sispann le li jwenn rejeksyon. Li pouse ale en avan nan doulè, nan imilyasyon, e menm lanmò pou l rive jwenn moun ki te vire do ba li.


Kwa a pa sèlman yon senbòl soufrans—li se deklarasyon lanmou pafe. Yon lanmou ki di: Menm lè ou rejte m, mwen chwazi ou. Menm lè ou vire do ban'm, mwen vin dèyè ou. Menm lè ou echwe, mwen p ap echwe.


Kalite lanmou sa a difisil pou konprann paske li kont nati imen an. Yo anseye nou pou nou pwoteje tèt nou, pou nou retire kò nou lè nou blese, pou nou bay sèlman lè sa an sekirite. Men, lanmou kwa a fè opoze. Li riske tout bagay. Li bay lib. Li dire san fen. E petèt se envitasyon sa a ki kache nan krisifiksyon an—pa sèlman pou nou resevwa lanmou sa a, men pou nou reflete li. Pou nou renmen lè sa difisil. Pou nou padone lè sa santi l enposib. Pou nou bay san garanti. Paske kwa a montre nou ke pi gwo lanmou pa nan konfò, men nan sakrifis.


Alò, ki kalite lanmou ki mouri sou yon kwa pou moun ki te rejte l?


Se lanmou diven. Se lanmou redanmtè. Se yon lanmou ki refize abandone limanite.



 
 
 

Comments


  • White Facebook Icon
  • White Instagram Icon
  • White Twitter Icon

© 2020 Vena Vive All Rights Reserved 

bottom of page