top of page
Writer's picturevena vive

Edikasyon






Edikasyon pa jis ale lekòl, li plis ke aprann li, ou bat pakè, ou fè kalkil.

Edikasyon pa kanpe le ou twouve yon karyè epi al travay sou li.

Daye anpil bagay ou aprann lekòl pap rete nan tèt ou lè ou gran,

men se fason ou te aprann nan ki rete.

Teknik ou te itilize lè ou tap aprann pwoblèm sa pèmèt ou fe tet ou travay pou jwenn solisyon nan la vi

Solisyon ou te jwenn nan de seri de devwa, pèmèt ou klarifye e rezone pi klè.

Lekti ou fe nan liv fe ou we diferan pwen de vi e amelyore konpreyansyon'w nan de seri de bagay.

Fason ou te analize infòmasyon sa a, englobe kapasite pou ou panse rasyonèlman e fe konklizyon ki lojik e non emsyonel.

Ou wè, yon moun dwe toujou ap bay defi ak kapasite entelektyèl li.

Ke se lè li pran yon kou pou otomize e devlope konpetans li,

Ke se lè li ale nan bibliyotèk e li kèk liv pou agrandi konesans li,

Ke se lè li swiv kèk dokimantè enfòmatik oubyen lè li angaje nan kèk deba edikatif.

Tout ran la vi yon moun bezwen yon fòm edikasyon. Mond sa ke nap viv ladann nan ap evolye, e nou bezwen evolye avèk li nan nivo entelektyèl nou.

Se a travè edikasyon ke ou konstwi yon karye e kreye resous finans pou viv.

Se a travè edikasyon ou devlope yon sans moral, se li ki fe ou konprann sans sivik ou dwe genyen nan kominote'w. Se li ki fè ou konprann responsabilite etik ou.

Edikasyon pa yon preparasyon pou la vi adilt anko seyon pwosesis kap kontinye kwasans ak devlopman depi nesans jiska lanmò.

Lè ou edike ou panse pi klè, ou konprann pi byen, ou pi ouvè nan analize pwen de vi lòt moun, e ou plis ka klarifye pwen de vi pa ou tou.

Fè edikasyon youn nan priyorite nan lavi ou

Pwovèb 1:5

Se pou moun ki gen konesans koute e ogmante sou konesans yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen.


275 views0 comments

Recent Posts

See All

Comments


bottom of page