top of page
  • Black Instagram Icon
  • Black Twitter Icon

45 an ak Lafwa: Lavi mwen se yon Temwayaj


ree


Anivèsè sa touche mwen diferan. Pa nan kantite men nan konesans. Nan etap sa mwen ye a mwen pa mezire lavim sou siksè jan m te konn fè anvan. Li pa gen rapò ak reyalizasyon, tit, oswa bagay mwen akimile ankò. Li gen rapò ak lapè. Li gen rapò ak objektif. Li gen rapò ak konnen kiyès mwen ye — e pou kiyès mwen ye.


Sajès pa vini vlope nan konfò. Li fòme pa eprèv, desepsyon, ak moman lè ou oblije chwazi lafwa olye de laperèz. Mwen te gen pati echèk mwen — pòt ki te fèmen, rèv ki te kraze, sezon kote mwen te mande tèt mwen si mwen te ase. Men, chak echèk te vin tounen yon sal de klas. Echèk te youn nan pi gwo pwofesè m. Li te anseye m rezistans, imilite, ak depandans sou Bondye. Li te fè m sonje ke menm lè mwen tonbe, gras la kenbe m.


Gen yon bagay sakre lè ou rive nan pwen sa a …pa paske mwen fin konprann tout bagay, men paske mwen finalman konprann ke mwen pa oblije. Fòs mwen pa soti nan mwen; li soti nan Li.


Jodi a mwen kanpe avèk rekonesans, ap pataje istwa mwen ..non pa pou atansyon, men pou koneksyon. Paske petèt pase kote mwen te ye a. Petèt ou toujou ap tann pwogrè ou a, ap mande tèt ou si Bondye toujou wè ou. Kite m sèvi kòm rapèl pou ou: Li wè ou. Li toujou wè ou. Blog sa a se kè mwen sou papye — fason mwen pou m di, "Mwen te pase ladan l, epi Bondye toujou fidèl."

Men remesye Bondieu pou 45 ane lafwa, leson, ak gras... epi pou bèl istwa Li toujou ap ekri nan la vi’m





 
 
 

Comments


  • White Facebook Icon
  • White Instagram Icon
  • White Twitter Icon

© 2020 Vena Vive All Rights Reserved 

bottom of page