Si ou ap viv ozetazini, ou komanse we ampil bagay ou te panse le’w te Ayiti pa yon reyalite vre. Ou komanse we lajan difisil a fèt e li pi difisil a kenbe. Pandan ke mod de vi ou ozetazini ka amelyore, wap komanse we vwe sans santi bon koute chè. La vi che ozetazini, e bil rann li enposib pou anpil moun fe ekonomi. Yon etid rechèch yo fè ane sa montre ke 60% Ameriken pa ka fe ekonomi, sa ki pi rèd la mwatye nan moun sa yo ki gen difikilte ekonomize salè anyèl yo plis ke san mil dola. Kou la vi pou yon sel moun anviwon $3,000 ak $4000 pa mwa depann de zone li rete a. Sa enkli lojman, manje, transpò, swen sante, taks enpo peyi a, ak lòt depans. Donk ki sa sa vle di pou moun ki rantre ozetazini ki ta renmen etabli, e fè byen kite pou pitit yo?
Premyeman ou dwe konnen pa gen anyen isit ki fèt san kredi, gwo kay, bel machin, gran panpan tout moun etazini ap fe tout se sou kredi. Anvan ou al pran sa kom yon jouman pou djaspora, konprann sistèm kredi ozetazini se fondasyon sou koman pou’w bati lavi finansye. Mantalite sere lajan selman an enposib a reyalize nan yon peyi ki devlope e ki vle ofwi opotinite a tout moun. Ann fe yon lojik menm lè ou ta jwenn moun ki pou sipote’w pou plizye ane pandan wap travay, lap toujou difisil pouw ekonomize ase nan yon maket ki wo kom sa isi a. Se kredi ki ka pèmèt ou prete lajan oswa jwenn aksè ak machandiz ou sèvis ke ou bezwen. Bati e kenbe bon kredi ede ou kalifye pou prete plis lajan nan pi bon enterè ki disponib - acha tankou yon kay, yon machin, yon kat kredi, yon prè pou ouvwi yon entrepriz. San konte koman akse a kredi te ka ede’w kenbe vi ou prive le bagay yo pa finn bon san ou pa nan mande moun prete. Ou jwenn akse a kredi sa yo premyeman le ou montre ou gen stabilite nan travay/entrepriz ou ak revni sale wap touche. Dezyeman le ou montre ou responsab ase pou pa fe ekse ki depase le ou prete lajan, twazyeman le ou demontre ou ka kenbe kontra pèman ou chak mwa e a lè,
Enpòtans pozitif kredi gen sou finans ou klè, men li gen yon aspe negatif tou ki enpakte mod de vi ou. Jan nou te di oparavan li enposib pou fonksyone san kredi. Abilite pou ou lwe yon apatman oswa yon kay, pran asirans sou byen materyel ou, oswa of nan karyè ou travay depann de nivo kredi ou. Li enpotan apre ou fin jwenn kredi nan peyi a pou’w edike’w de koman pou ou jere yon bon kredi. San sa anpil pot ap femen pou ou e wap trouve la vi a vinn pi che pou ou a koz de move kredi ou arive genyen. Kat sosyal ke yo ba ou nan peyi a ak 9 numero ki ladann nan pa jis identifikasyon pou enplwa ak salè revni ou, se li ki bay tout infomasyon de ou, e de kijan ou jere pivilej ak konfyans institisyon finans nan peyi an ba ou.
Li le pou’w pale avek yon moun pou ede’w bati, ranje ou jere kredi’w. Se avek sa wap rive viv byen e gen libete finansyel isi. Pi bonè ou kòmanse edike tet ou, pi bonè ou pwal rekòlte benefis ke li genyen.
Comments