Edited By
Kathline Jean-Louis
Èske w janm fè efò ale o de la de
ou menm pouw ede yon moun epi le ou gen pwoblem pa ou moun nan pa la pou li ran resipwosite a?
Èske ou trouve sa enjis ou enèvan?
Petèt ou pa atann anyen an retou de yon moun ou ede men jis yon ti rekonesans pou sa ou fe a, e defwa se engratitid li fe'w.
Sa se ka a pou anpil nan nou, men malerezman sa nou pa reyalize, se ki jan nou fe yon bien tounen yon prè. Non selman nap tann pou yo remet nou zèv nou yo, men nap mande ajoute enterè sou byen nou te fè a.
Ou wè, nou pa ka ap tann yon moune nou ede gen minm expektasyion ak nou. Lè se nou kap kreye règ ak prinsip moune nan dwe genyen pou zèv nou an, se nou minm kap desu.
Nou pran tout bonte nou te gen lakay nou pou ede moune nou fe li yon malè pou nanm nou paske tout moun pa ka tankou nou. Yo pa ka rann favè tankou nou, yo pa ka rekonesan oswa sonje tankou nou. Lè nou panse konsa nap dekouraje fe byen e bay moune ak tout kè nou. Fè byen pa dwe yon sakrifis , ni yon dekourajman. Li dwe nan nature pitit Bondye.
Nou pap pale de kite lot moun pwan avantaj sou nou,pandan ke nou femen je nou ap kite yo devni manipilatè. Yon bon aksyon se pou byennet moun nan wap ede a, se papou destriksyon li.
Anpil fwa moun bezwen èd nou sou bagay yo pa kapab jwenn pou tèt yo. Yo manke yon bagay ki ka finansyèman, espirityèlman oswa emosyonèlman. Bezwen sa yo defwa pa paret a klè. Kèlkeswa sa li ka ye, si ou gen aksè a èd, fè sa san atann. Mwen vrèman kwè benediksyon soti anwo, yo pa soti bò kote nou. Nou pa bezwen tann pou moune nap rann favè fe nou rejwenn li. Lafwa nou pou kont li ta dwe fè nou kwè benediksyon ap toujou desann nan nou lè objektif prensipal nou an se beni lòt moun. Mwen garantiw nan moman ki pi fenwa pou ou an, le ou pa ta minm panse li, ap gen yon moune kap vini sou chemen nou pou delivre'w, e sa se va fwi bon zev ou. Jiskaske lè sa a rive , se pou tout sa nap fè, fe li ak tout kè nou.
Vive la vie!
Comments